PHTK Anile Mach Li Tap Fè pou Kore Pouvwa Prezidan Jovenel Moise la pou Rezon Sekirite

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Jovenel Moise pandan li tap mennen kanpay pou l vin prezidan Dayiti anba banyè PHTK, Pati Ayisyen Tèt Kale. Pòtoprens, Ayiti. 19 oktòb 2015.

Prezidan Jovenel Moise mete yon mesaj sou rezo sosyal Twitter sou plan patizann yo genyen pou òganize yon mach pasifik madi 18 jen an. Nan mesaj la prezidan an di li konprann e konnen sa y ap viv nan moman difisil sa yo.

Lidè ayisyen an, ki an difikilte, di li vle li klè pou tout ayisyen sa nou bezwen pi plis jodi a se serenite, lapè ak tèt ansanm pou peyi nou ka reviv. Yon manm òganizatè mach la anonse nan medya yo mach la anile pou rezon sekirite.

Pouvwa ekzekitif la anba gwo kritik koripsyon nan kad ankèt sou jesyon fon Petro Caribe a. Yon rapò Komisyon anti koripsyon Sena a te fè eta de plizyè wo ak ansyen fonsyonèlte leta ki gaspiye lajan fon Petro Caribe a. E rapò final Kou siperyè dèkont la sou dosye sa a endekse prezidn repiblik la kòm moun ki enplike nan movòz jesyon fon leta.

SEE ALSO: Ayiti: Boulvèsman Politik Makonnen ak Lòt Ensidan Lakoz 17 Moun pou Pipiti Pèdi Lavi yo nan Mwens yon Semèn

Sitiyasyon sila la vin bay opozisyon politk la plis jarèt nan demach lap fè pou l fòse Prezidan Jovenel Moise kite pouvwa a sou akizasyon koripsyon. Egzekitif la rejete rapò Koudèkont la li kwè ki gen fòs kote e se pito yon plan politik pou nui li sou pouvwa a epi diskredite rejim li an.