O Pewou, lapolis te itilize kout gaz lakrimojèn ak kout baton, nan jounen madi 16 fevriye 2021 an, pou yo te kontwole plizyè santèn migran ayisyen ki te antre nan peyi a; apre sa otorite yo te fè yo retounen o Brezil. Migran yo ap prese kite Brezil kote pandemi KOVID-19 la kreye yon gwo kriz. Daprè temwen ki pale ak ajans nouvèl Reuters, pami ayisyen yo gen fanm ansent ak timoun piti.
Lapolis fè konnen imigran sa yo pa t tande apèl otorite yo te lanse pou mande yo kalme yo pandan responsab yo ap chache rezoud sitiyasyon an. Chèf polis la sou rejyon fwontye a, Kolonel Jorge Barrera -ki t a pale sou antèn radyo katolik la “Radyo Mè de Dye” nan Pewou, fè deklarasyon sa a:
“Yo pa konprann anyen; yo vyolan. Nou te eseye pran kontak avèk yo pou n te mande yo retounen nan zòn fwontyè a.”
Majorite migran sa yo –ki depase 380- se sitwayen ayisyen ki pale potigè, fransè ak kreyòl, men pa yon mo espayòl. Sa gen 2 semèn, yo t ap eseye pase sou fwontyè sidès Pewou a pou yo ale nan Ekwatè, avèk Meksik kòm destinasyon final.
Manm lame Pewou ak Ekwatè mobilize sòlda yo sou fwontyè 2 peyi yo pataje pou yo kontwole migrasyon k ap sòti Venezuela
Tansyon an t ap monte sou fwontyè ant Ekwatè ak Pewou anvan 2 peyi yo te pran desizyon pou yo ranfòse vijilans militè a dekwa pou yo anpeche migran venezuelyen yo antre.
Nan yon atik AP pibliye sou kesyon an, li di yon jenn ayisyen --ki te gen yon valiz lekòl sou zepol li- te lage kò l atè pou l pwoteste kont le fèt ke yon long fil ajan polisye perivyen pa t vle kite l pwoche bò yon piti gason li, ki rete sou teritwa perivyen an. Apre yon lapli ki te pase plis pase 6 ed tan ap tonbe pandan tout douvan jou a, migran yo te pati kite yon otèl nan zòn Assis, yon komin brezilyen nan Eta Acre, pou yo te antre nan vil Inapari, o Pewou.
Kolonèl Barrera fè konnen: “Yo kraze kòdon sekirite a e yo retounen sou tèritwa nou an, malgre gen yon desiyon ki entèdi yo fè sa.”
Anpil ajan polis plenyen pou di yo pran kout wòch ak kout boutèy. Lapolis itilize kamyonèt pou retounen avek yo sou pati brezilyen fwontyè a.
Migran sa yo te rive o Brezil apre tranblemannte 12 janvye 2010 la ki te koze gwo devastasyon ann Ayiti, e yo kontribye nan okonomi pi gwo peyi nan Amerik Latin nan; konstriksyon se youn nan domèn kote y ap travay. Sepandan, akoz yon kriz ekonomik ki gen rasin li nan pandemi kowonaviris la, yo pèdi travay yo e yo deside emigre yon lòt fwa ankò. Kolonèl Barrera fini pa di: “Kounyela a sitiyasyon an nan men Depatman Afè Etranjè Pewou avèk Brezil.