Envitasyon Gouvènman pou Fòmasyon yon Komisyon sou "Kòb PetroCaribe a" / Reyaksyon Negatif Kèk Sektè

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Ayisyen pran lari plizyè fwa, nan Pòtopens kou pwovens, avèk yon sèl slogan nan bouch yo: "Kote Kòb PetroCaribe a ye? (Foto: REUTERS/Jeanty Juni)

“Fòmasyon Komisyon an Sanble li nan yon Enpas”

Se tit yon atik ki pase sou Radyo Metwopòl (Radio Métropole) mèkredi 24 oktòb 2018 la e ki parèt sou jounal an-liyn estasyon an nan menm dat la. Otè atik la pale de yon inisyativ Premye Minis ayisyen an, Jean-Henry Céant, lanse kote li envite dirijan anpil enstitisyon patisipe nan fòmasyon yon komisyon endepandan pou fè limyè sou dosye Petro-Caribe a. Men yon vèsyon kreyòl sa ki di nan repòtaj la:

<< Estrateji Premye Minis ayisyen an, Jean Henry Céant, pran pou l lanse yon ankèt endepandan sou jesyon Kòb Petro-Caribe a byen kapab pa tounen yon reyalite. Lidè sektè kominikasyon nan sosyete sivil la ak Rezo Nasyonal Defans DwaMoun nan (RNDDH), yo tout rejte envitasyon chèf gouvènman an pou yo patisipe nan komisyon d ankèt la.

Pa egzanp, prezidan Asosyasyon Nasyonal Medya Ayisyen yo (ANMH), Frantz Duval, deklare patwon laprès yo ak manm asosyasyon an pa gen konpetans ki nesesè pou yo mennen ankèt sou dosye a. Se yon dosye konplike anpil ki fè ANMH pè, yon ANMH ki pi dispoze rapousuiv travay vijilans li ak siveyans aksyon enstitisyon ki, yo menm, gen konpetans pou yo patisipe nan ankèt sa a.

Nan manifestasyon Ayisyen yo ògansie pou yo pwoteste kont "move jesyon" yon lajan Venezuela te prete Ayiti, yo afiche tout kote kesyon ki reprezante yon slogan pou yo: "Koe Kòb PetroCaribe a?".

Se menm opinyon an nou jwenn bò kote prezidan Asosyasyon Medya Endepandan d Ayiti (AMIH), M. Venel Remarais. Li atire atansyon sou le fèt ke gen divès enstitisyon ki deja lanse ankèt sou yon dosye ki pwovoke kòlè opinyon piblik la.

Sekretè Jeneral Asosyasyon Jounalis Ayisyen (AJH), Jacques Desrosiers, li menm tou, pa aksepte envitasyon Premye Minis la. Daprè li, menm si se yon inisyativ ki merite konpliman, li kapab debouche sou yon afeblisman enstitisyon yo. >>

Repòtè a fè rapèl sa yo:

<< Kou Siperyè dè Kont ak Mezantant Administratif (CSCCA), yon jij denstriksyon nan Tribinal Premye Enstans Pòtoprens la avèk Pakè kapital la deja lanse kèk ankèt separe sou gwo kokenn afè malouk sa a –detounman lajan piblik.

An plis de sa, kowòdonatè jeneral Rezo Nasyonal Defans DwaMoun nan (RNDDH), Pierre Espérance, li menm tou, fè konnen enstitisyon li a pa p patisipe nan fòmasyon komisyon an. RNDDH pè, li krenn pou yon komisyon konsa pa vin febli mobilizasyon sitwayen yo pou sa ki gen rapò ak randman kont sou itilizasyon Kòb PetroCaribe a. Menm jan ak Venel Remarais, (prezidan AMIH la), Pierre Espérance ensiste sou le fèt ke yon jij denstriksyon deja lanse yon ankèt sou dosye a kòm rezilta plent plizyè dizèn sitwayen pote devan Pakè Pòtoprens la. Se konsa Jij Ramoncite Accimé deja reyalize plizyè seyans depozisyon kote li te tande opinyon pleyan yo sou afè a.

Bò kote pa yo, kèk lòt dirijan, tankou Jean Robert Argant (Kolektif 4 Desanm) avèk Pastè Sylvain Exantus (Federasyon Legliz Pwotestan yo), y ap tann desizyon konsèy administrasyon yo sou dosye a. >>


LLM / radio Métropole Haïti.

NB.- Nouvèl ki sòti Ayiti jedi 25 oktòb la fè konnen Premye Minis Jean-Henry Céant, nan kad yon rankont k ap fèt chak jedi ("Les Petro Jeudis"), bay detay sou rezon-dèt komisyon pouvwa egzekitif la vle fòme a. Se yon fason pou chèf gouvènman an pote kèk eklèsisman sou inisyativ la pou sektè ak enstitisyon ki rejte envitasyon pou yo fè pati komisyon an...