Pati PHTK Pwonose l Kont Komisyon Verifikasyon ak Evalyasyon Elektoral Endepandan an

Postè kandida alaprezidans PHTK, Jovenel Moise

Pati aysiyen Tèt Kale PHTK ki gen pou kandida alaprezidans Jovenel Moïse denonse enstalasyon Komisyon Endepandan Verifikasyon ak Evalyasyon Elektoral la ki, dapre yo, pral lage peyi a nan plis pwoblem toujou . Lidè pati a egzije aplikasyon atik 148 Kontitisyon an apre dat 14 me a.

Your browser doesn’t support HTML5

Deklarasyon lidè Pati Ayisyen Tèt Kale sou Komisyon Endepandan Evalyasyon ak Verifikasyon Elektoral la

Se te deklarasyon plizyè lidè Pati PHTK ki tap kritike Komisyon Endepandan Verifikasyon ak Evalyasyon Elektoral la prezidan pwovizwa Jocelerme Privert enstale sa gen 4 jou e ki gen 30 jou pou l reyalize misyon l lan.