Palestinyen Kouri Kite Rejyon Nò Gaza Apre Izrael Pase Lòd Bay 1 Milyon Moun pou yo Evakye

Yon manm fos sekirite Izraelyen an pwente zam li pandan yon lese frape ak Palestinyen yo nan es Jeruzalem, Vandredi 13 Oktob, 2023.

Lame Izrael la avèti yon milyon Palestinyen pou yo evakye rejyon nò Gaza epi pran direksyon sid teritwa a ki anba syèj.

Se premye fwa Izrael pase yon lòd konsa bay prèske mwatye popilasyon an anvan yon envazyon terès li gen entansyon fè kont gwoup militan Hamas la.

LONU lanse avètisman pou di se pral yon gwo kalamite pou yon gwo kantite moun konsa ap kouri kite teritwa a.

Hamas limenm bay Izrael vag epi di se tou senpleman yon taktik yap sèvi e ke Palestinyen yo ta dwe rete lakay yo.

Gwoup militan an te lanse yon atak sipriz brital kont Izrael sa gen prèske yon semèn desa epi tire plizyè milye obu kont Izrael apre sa.