Kou Siprèm Paskitan an Diskalifye Premye Minis Peyi a; Lap Demisyone

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Premye Minis Pakistan an, Nawaz Sharif, nan mitan ansanm ak pitit gason li, Hussain Nawaz, adwat, nan Islamabad, Pakistan, 15 jen 2017.

Nan Pakistan, Lakou siprèm diskalifye premye minis Nawaz Sharif nan demach pou l okipe yon pòs gouvènmantal e li pase li lòd pou l demisyone imedyatman kòm chèf gouvènman peyi a.

Yon pòtpawòl biwo Premye minis la anonse prèske tousuit apre vèdik pi gwo tribinal Pakistan an ke Mesye Sharif aksepte desizyon an malgre rezèv li genyen konsènan situasyon an.

Dapre konstitisyon Pakistan an, prezidan peyi a gen pou l pran tout mezi ki nesesè pou asire kontinyite pwosesis demokratik la.