Ortega ap Mennen Eleksyon Nicaragua Apre Li Lage Rival Li nan Prizon

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Moun fè lake devan yon lekol ki sèvi kom biwo vot pandan yap depoze bilten nan eleksyon prezidansyel vil Managua, kapital Nikaragua, 7 Nov. 2021.

Prezidan Nikaragweyen an, Daniel Ortega ap mennen ak yon gwo maj nan eleksyon ki te dewoule dimanch 7 Novanm nan. Sa fè 4èm fwa lap chache re-eli kòm chèf d'Eta, malgre pi fò moun kwè eleksyon an pa onèt ditou.

Etazuni kritike eleksyon sa a kòm 'maskarad' nan yon deklarasyon ofisyèl li pibliye.


Chèf Konsèy Elektoral Siprèm nan deklare Lendi ke apre yo finn konte prèske mwatye vwa yo, Ortega gen 75% pousan vòt yo konpare ak yon ti gwoup kandida pèsonn pa konnen.

Kandida opozisyon ki te plis gen chans genyen eleksyon an fèmen nan prizon. Vòt la pral detèrmine kiyes k ap dirije peyi a pandan 5 an k ap vini yo, epitou 90 sou 92 syèj ki vi nan kongrè peyi a ansanm ak reprezantan Nikaragua nan Palman Amerik Santral la.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press