Daprè 10 Senatè Ameriken, Plizyè Ti Ofelen Ta Viktim Abi Seksyèl ann Ayiti

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon gwoup ti òfelen ann Ayiti.

Daprè nouvèl ajans nouvèl AP (Associated Press) pibliye, 10 manm Sena ameriken an mande Depatman Deta fè presyon sou gouvènman ayisyen an pou l fèmen yon òfelina kote plizyè timoun piti, ke fanmi amerikèn adopte, ta viktim abi seksyèl.
Nan yon lèt palmantè yo voye bay responsab diplomasi Lèzetazini yo, yo di "anpil timoun" ki nan òfelina Foyer Notre Dame de la Nativite, tou prè Pòtoprens, teste pozif pou maladi "chlamidi", yon enfeksyon seksyèlman tansmisib e, daprè nouvèl yo, ti moun sa yo ta viktim abi.
Lèt la, ke Senatè yo te ekri nan dat 29 janvye 2018 la, fè konnen: << Pandan Sèvis Soyal peyi d Ayiti gen plis pase yon lane depi l ap mennen ankèt sou afè a, pa gen anyen ki fèt pou mete fen nan abi yo. >>

Senatè Bill Nelson, yon Demokrat Eta Florid (adwat), youn nan palmantè ameriken ki siyen lèt la.

Yon pòtpawòl Senatè Florid la, Bill Nelson -youn nan palmantè Repibliken ak Demokrat ki siyen lèt la- di jiskaprezan yo poko resevwa yon repons ofisyèl. Dokiman an pote siyati Senatè Eta sa yo: Florid, Pennsilvani, Iowa, Minnesota avèk Vijini.

Direktris òfelina a, Eveline Louis-Jacques, ki t ap abòde dosye a vandredi 2 fevriye 2018 la, deklare anpil nan timoun ki sou responsablite l yo teste pozitif pou "chlamidi", se vre; men anyen pa konfime yo te pran maladi a pandan yon nan òfelina a, e li rejte ak tout fòs pawòl kòmkwa abi te fèt nan ensititisyon an. Nan yon entèvyou avèk AP, Madam Louis-Jacques di:
<< Nou trete timoun yo trè, trè byen. Se pa nan yon òfelina yo ye; se lakay mwen yo ye, avèk mwen. >>
Andolphe Guillaume, yon ofisyèl nan Biwo Sèvis Sosyal ayisyen an, ki gen kòm abreje fransè IBESR (Institut de Bien-Etre Social et de Recherches) refere tout kesyon sou dosye a bay direktè jeneral la ki pa t disponib nan jounen vandredi a.
Depatman Deta a, ki t ap reponn kèk kesyon sou dosye a, fè konnen anbasad amerikèn nan ann Ayiti okouran nouvèl ki pale de abi yo e l ap ofri tout sèvis konsilè posib san li pa bay detay. Misyon diplomatik la ajoute l ap chache garanti ke tout adopsyon entènasyonal dewoule nan pi bon enterè posib pou timoun yo.