OEA Vote an Favè yon Fòs Entènasyonal Rapid pou Ayiti

  • Jacquelin Belizaire

LUIS ALMAGRO OEA

Konsèy Pèmanan OEA vote yon rezolisyon anfavè yon asistans sekiritè, imanitè e elektoral pou pou yon Tranzisyon Demokratik.

Nan yon reyinyon alekstraòdinè Konsèy Pèmanan Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) sou sitiyasyon Ayiti a ki dewoule vandredi 10 fevriye 2023 a, reprezan pèmanan divès peyi manm oganizasyon rejyonal la vote ak gwo kout bravo(pa aklamasyon) pwojè rezolisyon sa a : « Soutien renouvelé pour une assistance en matière de securité pour des elections inclusives, libres , équitables, et crédibles pour une transition démocratique ».

Anbasadè Léon Charles, reprezantan pèmanan Ayiti te entwodwi pwojè rezolisyon an ki te nan pwen 3 pwogram reyinyon Konsèy Pemanan OEA ki gen nan tèt li anbasade Antony Philips Spencer, reprezantan peyi Trinidad-Tobago .

Pou mete rezolisyon an an diskisyon, minis Afè etranjè Ayiti a, mesye Jean Victor Généus(pa vizyo-konferans) te fè yon prezantayon tasyon kote li ekspoze sitiyasyon Ayiti a avèk atansyon sou kèk reyalizyon administrasyon premye minis Ariel Henry yo pami yo Akò 21 desanm 2022 a (Consensus National pour une transition inclusive et des elections transparentes); enstalasyon Wo Konsèy Tranzisyon an (HCT), nominasyon yon prezidan nan Kou Kasasyon an ( Mèt Jean Joseph Lebrun) ak sètifikasyon jij nan sistèm jistis peyi a.

E yon prezantasyon tablo ensekirite a ta pral debouche, yon lot fwa, sou demand assitans entènasyonal rapid ak yon fòs pou ede Polis Nasyonal la fè fas ak aktivite gang yo tankou sa enskri nan rezolisyon an.