Nouvèl Zeland Komanse Vaksinen Timoun kont COVID-19

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

AstraZeneca's Sydney headquarters

Lendi, Nouvèl Zeland komanse vaksinen timoun nan laj 5 a 11 zan avek vaksen pediatri kont COVID Pfizer a. Yo livre plis pase 120 mil vaksen nan 500 sant vaksinasyon nan peyi a daprè minister lasante.

Pran vaksen an kounye a se yon bon fason pou proteje timoun yo anvan yo retounen lekol, se pawòl direktè klinik pwogram vaksinasyon nan Auckland, Dr. Anthony Jordan nan yon komunike.

Prèv la montre aloske timoun yo ka gen sentom lejè , gen kèk ki byen malad e ki fini pa etène lopital si yo gen Covi-19. Pran vaksen an ede tou nan anpeche yo transmèt virus la bay manm fanmiy yo ki fèb.

Kantite ka Omicron yo kontinye ap ogmante toujou nan Etazuni dapre sa direkte jeneral lasante Dr. Vivek Murthy di dimanch nan pwogram “State of the Union “ Eta Inyon an, ki pase sou chen televizyon CNN. Li bay avetisman pou di: kèk semèn kap vini yo ka du anpil, men li moutre ke ka yo bese kèk kote pami yo, New York ak New Jersey.

Nouvo period izolman pou moun ki gen COVID ann Angletè ki te 10 jou, li desann nan 5 jou. Nouvo mezi sa a antre ann aplikasyon lendi 17 janvye.