Kore Di Nò Deklare Prezans Militè Ameriken nan Prèskil Koreyen an Se yon fè Reyèl pou Lagè

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Moun ki kanpe nan yon estasyon ten nan Sewoul, Kore di Sid e kap gade yon pwogram televizyon kote yap montre lansman misil Kore di Nò a. 30 novanm 2017.

Nan Kore di Nò, otorite yo fè konnen yon egzèsis militè Lèzetazini ap fè ansanm ak Kore di Sid lakoz yon "eklatman lagè" sou preksil Koreyen an tounen yon "fè reyèl".

Nan yon deklarasyon yon pòtpawol Minisfè afè Etranjè Kore di Nò a pibliye jedi 7 desanm 2017 la sou ajans nouvèl leta, KCNA, li poze kesyon kote li di: "Kesyon ki rete pou nou poze kounye la a, se: Kilè lagè a pral eklate? Nou pa swete lagè; men nou pap kouri pou li."

Kore di Nò lanse avètisman sa a nan moman yon bonbaye ameriken B-1B tap pase sou tèritwa sid-koreyen an nan kad yon egzèsis militè ki kòmanse semèn sa a ant lame amerikèn ak lame sid-koreyèn nan, avèk patisipasyon plizyè santèn avyon degè, pami yo genyen yon gwo kantite nan dènye jenerasyon avyon militè ki rele "bonbadye Stealth yo", yon kantite otorite ameriken yo pat janm itilize anvan.

Egzèsis militè yo fè pati yon woutin kote manm lame amerikèn ak lame Kore di Sid fè antrènman ansanm chak ane. Antrenman sa yo kòmanse dewoule yon semèn apre Kore di Nò te lanse yon nouvo misil balistik entè-kontinantal puisan ki, dapre espesyalis yo, kapab touche Lèzetazini.

Lansman nouvo misil sa a se youn nan plizyè tès rejim Pyongyang nan reyalize ansanm avèk yon seri de tès militè, sa ki reprezante yon vyolasyon sanksyon entènasyonal yo.