Anbasadè Nikki Haley: 'Tès Misil Kore di Nò a Mete Lemond Pipre yon Gè'

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Anbasadè ameriken an nan Nasyon Zini, Nikki Haley pandan yon meeting nan Asanble Jeneral Nasyon Zini an sou lansman misil Kore di Nò a. Foto: 21 septanm 2017. (REUTERS/Stephanie Keith)

Anbasadè ameriken an nan Nasyonzini, Nikki Haley, fè konnen dènye tès misil balistik entèkontinantal Kore di Nò reyalize nan dat 28 novanm 2017 la mete lemond antye pipre yon gè, e non pa pi lwen yon sitiyasyon konsa.

Pasan nan yon estasyon tren nan Sewoul, Kore di Sid kap gade sou yon ekran televizyon kap montre yon repòtaj sou dènye lansman misil Kore di Nò a. Koredi Sid, 30 navanm 2017.

Malgre deklarasyon miskle Prezidan Donald Trump fè kòm reyaksyon apre aksyon Pyongyang poze a, mete sou pawòl manke-dega lidè ameriken an lanse kont Kim Jung Un, dirijan nò-koreyan an, Madam Haley –ki tap patisipe nan yon rankont Konsèy Sekirite l’ONU an mèkredi 29 novanm 2017 la-- deklare:

“Lèzetazini pap eseye fè lagè ak Kore Dinò.” Anbasadè Haley ajoute: “Nou ta renmen pou Lachin fè pi plis efò toujou nan demach kap fèt pou jwenn yon solisyon pou sitiyasyon sa a. Prezidan Trump te telefone prezidan chinwa Xi Jinping maten an pou di li lè a rive pou Peken koupe livrezon petwòl lap voye nan Kore di Nò a. Sa tap reprezante yon pa enpòtan nan efò lemond ap deplwaye pou bloke aksyon vwayou entènasyonal sa a.”

Anvan Prezidan Trump te kite Washington pou l tal patisipe nan yon meeting popilè nan Eta Missouri mèkredi 29 novanm 2017 la, li te voye yon mesaj sou kont Twitter li pou di Washington pran angajman pou l enpoze plis sanksyon inilateral kont rejim Kim Jung Un ap dirije nan Kore di Nò-a.