Nan Nepal plizye milyon elektè pran chemen biwo vòt yo jedi 7 desanm 2017 la pou yo al lage bilten yo nan yon eleksyon istorik, yon fason pou konplete tranzisyon peyi a ap fe nan direksyon bon jan demokrasi.
Vòt jjedi a se 2èm e denye faz yon eleksyon ki pral mete sou pye ofisyelman 7 asanble provensyal epi eli tout 275 manb ki pral sieje nan Palman nepalè a.
Anviwon 12 mil elektè nan pati sid Nepal pral lage bilten nan 2èm tou jedi a apre pati nò peyi a fin vote li menm nan dat 26 novanm pase. Nouvo asanble yo ki pral eli a pral gen pou l prezante lwa pou gouvène provens yo.