Nan Potoprens, Eskonbrit Pete Pandan Yon Rankont Politik

  • Renan Toussaint

Your browser doesn’t support HTML5

Militan Politik Sa Yo Pran Joure, Voye Chez Pou Kraze Yon Rankont Politik

Deblozay pete nan yon otel nan Potoprens Lendi 30 Out, nan moman direfan lide politik ak lide nan sosyete sivil la t'ap patisipe nan yon rankont pou siyen yon ako politik ente-ayisyen pou rezoud kriz politik la.

Yon gwoup militan politik anvayi sal la, yo chavire tab ak tire anpil kout chez pou kraze rankont la. Militan politik yo di yo fe sa pou denonse ako politik la.

Duclos Benissoit, yon sendikalis ki te vin patisipe nan siyati ako a, kondane aksyon militan politik yo.

Your browser doesn’t support HTML5

Sendikalis Duclos Benissoit Kondane Dezod Militan Politik yo Fe pou Kraze Rankont la


Ansyen minis Magalie Comeau Denis, ki se youn nan manm komisyon k'ap chache yon solisyon pou kriz politik la, anonse siyati ako kap kontinye pandan tou semen nan, pandan'l prezante ekskiz li bay patisipan yo.

Your browser doesn’t support HTML5

Ex-Minis Magalie Cuomo Denis Prezante Ekskiz Bay Patisipan Rankont la yo