Mèt Espesyal: Biden Admèt 'Deliberaman' li te Gen Dokiman Sekrè, Okenn Aksyon Legal Pa Nesesè

Foto Achiv: Avoka Gouvenman Ameriken Robert Hur rive nan tribinal federal Etazini nan vil Baltimore, 21 Nov. 2019.

Prezidan Joe Biden te "deliberaman" kenbe epi admèt ke l te gen dokiman tòp sekrè lè li te yon sitwayen prive - pami yo dokiman militè ak sou politik etranje Etazini vizavi Afghanistan, epi lòt kestyon sansib ki gen rapò ak sekirite nasyonal.

Se sa yon rapò Depatman Jistis la pibliye deklare. Rapò a di kèlkilanswa, pa gen rezon pou yo akize Biden ou okenn lòt moun dèske yo te komèt yon krim.

Rapò a ke mèt espesyal Robert Hur pibliye Jedi, reprezante yon kont randi trè kritik sou fason Biden te jere dokiman sekrè gouvènman an men li detaye tou rezon ki fè yo pata dwe akize l de okenn krim.