Azi

Mil Moun Pou Pi Piti Mouri nan yon Tranblemanntè ki Frape Afganistan

Nan foto sa a ke ajans nouvel leta Bakhtar pibliye, Afghan yo gade destriksyon yon tranbleman te nan pwovens Paktika, nan les peyi a, Mekredi, 22 Jyen, 2022.

Yon gwo tranblemanntè souke pati sidès Afganistan kote li touye plis pase mil moun tandiske omwens mil 500 lòt blese. Nouvèl sa a jwenn konfimasyon otorite taleban yo. Sekouris yo di kantite viktim gwo soukous sa a, ki frape peyi a nan kòmansman jounen mèkredi a, kapab ogmante. Dapre ajans nouvèl leta a, se youn nan tranblemanntè ki pi tèrib ki frape Afganistan nan plizyè dizèn dane.

Vis Minis Jesyon Dezas gouvènman taleban an, Mawlawi Sharafuddin Muslin, ki bay yon konferans pou laprès nan Kaboul, di kote tranblemanntè a fè plis dega se pwovens Paktika ak Khost, ki nan pati sidès peyi a e ki gen fwontyè ak Pakistan.

Sant Jewolojik Ameriken an fè konnen soukous la te mezire 6 vigil 1 sou echèl Rickter la e episant li twouve l sou yon distans 44 kilomèt ak Paktika, kapital pwovens Khost. Jounalis lokal yo ak temwen rapòte ke kantite moun ki mouri yo kapab rive nan 2 mil 500.

Gouvènè pwovens Khost la, Mohammed Amin, ki pale avèk Lavwadlamerik, fè konnen nan 2 awondisman sèlman ki nan pwovens Paktika, gen omwens mil moun ki mouri, tandiske mil 500 lòt blese. Video ki pase sou chèn televizyon lokal yo montre kay ki kraze ra pye tè avèk lòt ki tounen ranblè. Soukous la fè gwo dega tou nan kapital Afganistan an, Kaboul.

Otorite taleban yo di toujou gen moun anba debri yo epi efò sekou yo, ki jwenn sipò elikoptè, ap kontinye. Yo ankouraje tout òganizasyon asistans k ap travay nan peyi a pou yo pote kole ak operasyon ki sou pye pou jwenn moun ki ta vivan toujou yo.