Mesaj Prezidan Jovenel Moise pou Nasyon an pandan Kriz la Ap Kontinye

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse

Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, mete devan pèp la, nan sware jedi 14 fevriye 2019 la, yon mesaj kote li pran pozisyon sou eksplozyon sosyal ki bloke peyi a depi 8 jou deja, espesyalman zòn metwopolitèn kapital la, Pòtoprens. Misye Moise di li regrèt moun ki mouri, kay ak machin ki boule ak lòt pèt materyèl Leta oubyen senp sitwayen anrejistre pandan manifestasyon ki dewoule nan jou sa yo.

Lidè ayisyen an remèsye lapolis ki pase alaksyon pou l limite dega yo, "pou pwoteje lavi ak byen moun" e li lanse yon apèl kote, yon fwa ankò, li mande yon dyalòg ant divès sektè nasyonal yo pou jwenn yon solisyon pou kriz la. Prezidan Jovenel Moise deklare -antwòt:

"Mwen ouvri bra m bay moun ki pa dakò avè m yo, poun yon chita-pale, pou nou ka chache yon konsansis lajman laj pou nou ka jwenn yon akò politik ki va pèmèt nou rezoud pwoblèm k ap boulvèse bil peyi a."

Prezidan ayisyen an mande Premye Minis li a, Jean Henry Céant, prepare li pou l bay pèp la detay sou strateji gouvènman li a konte itilize pou l wete peyi a nan yon kriz la. Li lanse apèl bay otorite lajistis ak lapolis pou l mande yo pran dispozisyon pou yo mete kontwòl sou "dilè dwòg" ak lòt eleman ki an kontravansyon avèk lajistis, k ap patisipe a-klè nan manifestasyon yo.

Jovenel Moise eksprime remèsiman li pou kominote entènasyonal la k ap akonpaye administrasyon li a, sitou pou konkou li bay Ayiti nan domèn sekirite a.

Your browser doesn’t support HTML5

Mesaj Prezidan Jovenel Moise pou pèp ayisyen an nan mitan kriz politik e sosyal la

Klike sou lyen anlè a pou w koute mesaj Prezidan Moise la.