Sèkèy boksè lejandè Mohamed Ali rive nan Louisville, Eta Kentucky, vil kote li te pran nesans la, nan jounen dimanch 5 jen 2016 la.
Ali --ki tap soufri ak maladi Parkinson depi plizyè lane deja-- te rann dènye soupi li nan fen jounen vandredi 3 jen an a laj de 74 zan. Kèk cheval te nan tèt pwosesyon finèb la kote yo tap rale kòbiya a apre yo te wete sèkèy la nan yon avyon ki te transpòte kadav la sòti nan Eta Arizona kote chanpyon di mond la te mouri. Pandan avyon an te anlè a toujou, lidè ak fidèl plizyè konfesyon relijye te rasanble nan Sant Islamik Louisville la pou yo te rann omaj pou sila ki te rele tèt li "Pi gran pase tout pi gran yo." Oratè prensipal la sete Doktè Muhammed Babar, lidè gwoup relijye "Inyon Ameriken nan Konpasyon". Imam Babar di:
“Ali, mwen konnen ou kite dèyè pou nou yon vwayaj ki pap janm fini. Nou pa tèlman konnen twòp bagay sou vwayaj sa a. Men, nan fon kè mwen, mwen si e sèten ou deja ap souri nan paradi ansanm ak Pwofèt Mawomè, ak Jezi, ak Moyiz e ak tout sila yo ki pote non sakre yo. Mwen konnen wap jwe avèk yo sou ring syèl la avek anpil lanmou.”
Lè Ali te pran nesans nan ane 1942, papa l ak manman n te rele li Cassius Clay. Sepandan li ta pral chanje non li apre li te ranpòte tit chanpyon di mond la epi li te konvèti nan relijyon mizilman an. A kote mond spòtif la, Mohamed Ali te tonbe nan mitan yon toubiyon mezantant an 1967 lè li te refize antre nan lame amerikèn paske, dapre sa l te di, relijyon li pat pèmèt li sèvi kòm militè, plis le fèt ke li pat dakò ak Lagè Vyetnam nan. Leta te rele li nan tribinal e lajistis te jwenn li koupab deske li te refize lòd pou l defann peyi a kòm sòlda. Rezilta: gouvènman an te wete tit chanpyon an nan men li e Ali te fin pa pèdi lisans boksè li.
Desizyon legal sa a te oblije Mohamed Ali rete lwen yon ring pandan plis pase 3 zan. Men an 1970 Kou Siprèm nan --ki se gwo tribinal peyi a-- te ranvèse desizyon an e Ali te retounen sou ring nan pou l te livre divès konba kòm chanpyon di mond avèk rezilta ki te ba li dwa rele tèt li –e espesyalis yo dakò pou konsidere li kòm- “pi gran pami tout gran yo.”
An 2005 ansyen Prezidan George W. Bush te dekore Mohamed ak “The Presidential Medal of Freedom”, sètadi “Meday Prezidansyèl Libète a”, ki se pi gwo onè gouvènman ameriken an kapab rann yon sitwayen sivil.
Dapre aranjman lafanmi Ali fè, seremoni entèman “pi gran pami tout gran yo” pral dewoule nan jounen vandredi 10 jen 2016 la koye vil Louisville pral rann Ali yon lòt omaj kote otorite yo ak popilasyon an gen pou òganize yon pwosesyon anvan seremoni an fèt nan yon stad spòtif kap ouvè pou piblik la. Ansyen Prezidan ameriken Bill Clinton ak yon pèsonalite nan mond divètisman an, Billy Crystal –ki abitye imite Mohamed Ali nan komedi li yo-- se 2 pami diyitè ki pral pwononse orezon finèb nan sikonstans la.