Moderna Di Vaksen Kont COVID-19 Li a Efikas e San Danje pou Jenn Timoun

Foto Achiv: Hudson Diener, 3 zan gade sak nan yon tiwa pandan lap tann vaksen COVID-19 Moderna a, nan vil Commack, Nouyok, 20 Nov. 2021.

Konpayi pwodui famasetik ameriken Moderna fè konnen mèkredi egzamen preliminè li deja reyalize montre vaksen kont KOVID-19 li a pa gen danje e li efikas pou timoun ki trè jèn. Yon lòt kote, konpayi an ap soumèt yon demand pou l ka jwenn apwobasyon Lèzetazini ak òganizasyon entènasyonal ki regle zafè medikaman.

Nan yon nòt pou laprès Moderna pibliye sou sitweb li a, li di done pwovizwa ki sòti nan Faz 2/3 Etid li a montre “yon repons solid bò kote antikò netralizan yo”, repons li jwenn nan yon seri de tès ak 2 doz 25 mikwogram vaksen li a sou timoun ki gen ant 6 mwa e mwens ke 2 zan, epi timoun ki gen ant 2 zan e 6 zan sèlman.

Konpayi a, ki baze opinyon li sou rezilta sa yo, fè konnen nan semèn ki pral vini la yo, li pral soumèt devan Administrasyon Manje ak Medikaman an (FDA) yon demand pou apwobasyon seri 2 doz li a pou timoun ant 6 mwa e 2 zan sèlman. Li pral mete menm demand la devan Ajans Ewopeyen pou Medikaman an avèk lòt antite ki regle zafè medikaman atravè lemond.

Kèk nan enfòmasyon ki nan atik sa a sòti nan The Associated Press, Reuters ak Agence France-Presse