Prezidan ameriken an, Donald Trump, ap rankontre madi 11 desanm 2018 la avèk lidè demokrat nan Kongrè a nan kad dènye efò administrasyon li a ap fè pou wè si Kongrè a ta apwouve yon fon lajan pou finanse konstriksyon yon miray sou fwontyè ki separe peyi a avèk Meksik -lidè ameriken an te pwomèt konstriksyon sa a depi nan kanpay elektoral la. Gouvènman an ap fè efò sa yo nan moman pa rete twò lontan pou 2 chanm yo (Sena a ak Chanm dè Reprezantan an) apwouve bidjè nasyonal la pou ane fiskal 2019 la; an fèt, senatè yo ak depite yo genyen jiska 21 desanm k ap vini la a kòm dat limit pou yo òganize vòt final la.
Vòt sou pwojè-lwa konsènan finasman kontriksyon miray la reprezante dènye aksyon Kongrè a gen pou l poze pandan repibliken yo genyen kontwòl Chanm Depite a toujou; e 2 chanm yo dwe fè lejislasyon an pase a-tan si yo ta renmen evite yon fèmti gouvènman an anvan kòmansman vakans fen dane yo.
Prezidan Trump pral rankontre ak lidè minorite a nan Sena a, Chuck Schumer, e ak lidè demokrat la nan Chanm dè Reprezantan an, Nancy Pelosi, pou wè si yo ka jwenn yon teren dantant konsènan yon sòm lajan ki monte rive 5 milya dola pou finansman miray la; lajan ki ta dwe sòti nan bidjè nasyonal la pou ane fiskal k ap antre a. Lidè ameriken an --ki t ap pale sou dosye a-- deklare konstriksyon miray la ta kapab bloke yon envasyon imigran k ap sòti nan Amerik Santral la e ki vle antre pa bann e pa pakèt Ozetazini.
Administrasyon Trump la te deja resevwa yon milya 375 milyon dola pou kontwòl sekirite sou fwontyè peyi a pou ane fiskal ki pran fen nan dat 30 septanm pase a (kidonk, pou ane fiskal 2018 la). Lajan sa a pa genyen ladan n kòb ki nesesè pou konstriksyon miray la.