Minis Afè Etranjè Iran an Kritike Retablisman Dekrè sou Imigrasyon Prezidan Trump la

Minis Afè Etranjè Iran an, Mohammad Javad Zarif, pandan li tap vizite Berlen, Almay. 27 jen 2017.

Minis Afè Etranjè Iran an, Mohammad Javad Zarif, kritike desizyon Kou Siprèm Etazini an pran pou retabli dekrè sou entèdiksyon vwayaj Prezidan Trump te siyen an e ke 2 tribinal federal te bloke nan mwa pase yo.

Minis Afè Etranjè Iran an, Mohammad Javad Zarif, di desizyon Kou Siprèm Etazini an pran pou retabli an pati yon entèdiksyon kont vwayajè k ap soti nan 6 peyi an majorite Mizilman yo kapab ankouraje kèk gwoup teworis.

“Li regretan ke sitwayen peyi ki sou lis la pa janm patisipe nan okenn zak teworis kont Etazini, e ke yo anba pinisyon pou zak teworis,” se sa Mesye Zarif di repòtè yo madi 27 jen 2017 la pandan li tap vizite vil Berlen ann Almay.

Mesye Zarif ajoute ke retablisman entèdiksyon an se “pi gwo kado” pou gwoup teworis kap chache nouvo rekri.