Ayiti: 112 Milyon Goud Deja Disponib pou Ekzekisyon Kèk Pwojè Asenisman nan Pòdepè

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Won pwen vil Pòdepè

Delege depatmantal Nòdwès la, Agwonòm Owell Theock nan tèt kole ak direktè depatmantal TPTC a lanse ofisyèlman lendi 3 desanm 2018 la pwojè renovasyon vil Pòdpè a.

Delege depatmantal Nòdwès la, Agronòm Owell Theock ak direktè depatmantal TPTC a

Pami travay kap gen pou fèt nan jou kap vini la, genyen betonaj ri,drenaj, fose masone pou n site sa yo sèlman daprè enjenyè Juro Jean Serge direktè rejional TPTC a

Ekzekisyon pwojè sa yo antre nan kad pwomès Prezidan repiblik la Jovenel Moïse te fè pou bay yon lòt imaj ak chèf lye depatman nòdwès la kote divès manm nan popilasyon an ki te prezan nan moman lansman an, salye inisyativ sa a swete pwojè sa yo rive fèt tout bon vre pou enterè populasyon an.

Gen 112 milyon goud an pati ki deja disponib pou ekzekisyon pwojè sa yo kap dire 3 mwa.

Klike sou video a pou plis detay ak Dieuseul Junior Louis depi Pòdepè.

Your browser doesn’t support HTML5

Yon repòtaj Dieuseul Junior Louis depi Pòdepè