Militan Anti-Chanjman Klimatik Pran Otèl de Vil Paris a Pou Yo

Pòtre lide mondyal yo pandan yon manifestasyon kowalizyon vet yo oganize pou Jounen Mondyal Klima a, devan Otel de Vil Paris a, 6 Nov. 2021.

Militan Kont Chanjman Klimatik Rasanble nan Otèl de Vil Paris a pou pwoteste kont 10 peyi ki lage plis polisyon nan lè a e ki, dapre yomenm, pa fè anyen pou regle pwoblèm nan.

Plizyè santèn militan deplwaye gwo potre Prezidan La Frans, Emmanuel Macron, Chanselye Alman Angela Merkel, Premye Minis Britanik Boris Johnson, Prezidan Chinwa Xi Jinping, Prezidan Ris Vladimir Putin, Prezidan Brezilyen Jair Bolsonaro, Premye Minis End Narendra Modi, Prezidan Etazuni Joe Biden, Premye Minis Kanada Justin Trudeau epi ansyen Premye Minis Japonè Yoshihide Suga. Anba bannyè a yo make: 'Rete Bra Kwaze Sou Chanjman Klimatik = Yon Krim Kont Lavi."

Militan sou anviwonman an deplwaye pòtre lide mondyal yo pami yo Prezidan Franse Emmanuel Macron devan Otel de Vil Paris a, 6 Nov. 2021.


Manifestasyon nan kapital fransèz la sete youn pami plizyè ki fèt toupatou nan mond lan, pou make Jounen Mondyal Aksyon pou Jistis Klimatik. Yo tap manifeste pandan rankont COP26 sou chanjman klimatik Nasyonzini an tap kontinye nan vil Glasgow nan l'Ekòs.

Rankont o somè esansyèl sa a louvri Dimanch pase a, e li pral dire 2 semèn kote diplomat ki sotie nan 200 peyi ap negosye sou kijan yo ka ralanti rechofman klimatik la epi adapte yo ak chanjman klimatik ki deja gen konsekans sou moun toupatou nan mond lan.