53 Migran Mouri, 54 Blese nan Aksidan Kamyon nan Sid Meksik

Mexico Migrants Crash

Otorite Meksiken yo di omwen 53 moun te pèdi lavi yo e plizyè lòt blese apre yon kamyon kago ki t ap pote migran sa yo te fè aksidan nan sid Meksik, otorite yo di kamyon an te te woule sou wout la, e yo panse majorite migran yo sòti nan Amerik Santral.

Biwo Pwokirè Jeneral la di dapre estimasyon preliminè yo 53 moun te mouri epi twa te blese grav. Te gen prèske 150 imigran kite abò kamyon an.

Se pa etranj pou on kamyon nan Meksik ki nan operasyon kontrebann imigran pote anpil moun konsa. Aksidan an te fèt sou yon gran wout ki mennen nan kapital eta Chiapas la.

Your browser doesn’t support HTML5

53 Migran Mouri, 54 Blese nan Aksidan Kamyon nan Sid Meksik

Foto moun pran sou sèn nan montre viktim yo epapiye sou pave a ak andedan lòj kamyon an.