Nan moman Prezidan ameriken an, Donald Trump, ap chache efase oubyen mete dèyè do li enplikasyon Larisi nan eleksyon prezidansyèl ki te mennen li sou pouvwa a (eleksyon novanm 2016 la), li gen plan poul itilize Mesaj sou Eta Inyon an pou site kèk pwogrè ekonomik Lèzetazini fè nan 2 zan li pase sou pouvwa a, pwogrè ki, daprè li, se rezilta presyon li fè pou l jwenn apui lidè demokrat yo nan Kongrè a pou gouvènman an bay bon rezilta nan domèn tankou rekonstriksyon pon avèk wout. Misye Trump pral prezante Mesaj sou Eta Inyon an nan sware madi 5 fevriye 2019 la nan lokal Kongrè (Kapitòl la) devan 2 chanm yo reyini (Sena a ak Chanm dè Reprezantan an).
Daprè yon deklarasyon La Mezon Blanch te fè anviwon 8 jou anvan prezantasyon mesaj la, Prezidan an pral atire atansyon sou yon ekonomi ki fò, ki dyanm, menm jan li pral ensiste sou yon to chimaj ki bese ba anpil pandan premye ane administrasyon l nan, san bliye benefis sitwayen yo jwenn nan yon lejislasyon ki bese taks y ap peye. Kèk pwòch kaloboratè Misye Trump di yo atann yo aske Prezidan an, ki pase 2 dènye weekend yo nan La Mezon Blanch pou l prepare mesaj la, kite de kote ton agresif li abitye afiche a pou l adopte yon ton ki plis apwopriye pou jwenn konpwomi e mete antant ant 2 pati yo.
Direktè biwo lejislatif Mezon Blanch la, Marc Short, deklare:
"Prezidan an pral pale pou di kijan Lèzetazini remonte pant la; Lèzetazini lontan an retounen. Se konsa tou Prezidan an pral lanse yon apèl bay Demokrat yo pou l di yo: “Nou bezwen rebati peyi nou an.” Li pral lanse yon apèl pou l di nou bezwen enfrastrikti… e pou nou bati enfrastrikti, fòk nou tout, Repibliken kou Demokrat, travay ansanm."