Menas Washington Pa Ase Pou Anpeche Prezidan Ris Vladimir Putin Lanse yon Envazyon

Russia US

Palmantè ameriken ki fèk sot vizite Ikrèn avèti ke menas Washington pou-l mete sanksyon ak manèv diplomatik pa ase pou anpeche Prezidan ris Vladimir Putin lanse yon envazyon.

Se yon gwoup Demokrat ak Repibliken ki te vizite Kyèv Samdi ak Dimanch kote yo te rankontre ak kòmandan fòs espesyal Ukrèn-yo e ak operatè espesyal ameriken ak twoup Gad Nasyonal ki t-ap ede antrene lame Ukrèn-nan.

Your browser doesn’t support HTML5

Menas Washington Pa Ase Pou Anpeche Prezidan Ris Vladimir Putin Lanse yon Envazyon

Yo dekri sityasyon-an kòmkwa li bay gwo kè-sote e yo ekzòte Mezon Blanch pou-l akselere livrezon zam bay fòs nan Ukrèn nan espwa pou bloke yon envazyon Larisi.