Meksik Entèsepte Dè Santèn Migran Nan Sid Peyi a

Foto Achiv: Migran Ayisyen fe la ke pou yon kot ki pemet yo anrejistre sityasyon migratwa yo nan Tapachula, eta Chiapas, peyi Meksik, 29 Dec. 2021.

Otorite Meksiken yo bloke yon afè 800 migran ki tap eseye pran direksyon nò peyi a yon ti tan apre yo te kite vil Tapachula ki sitiye nan direksyon sid peyi a.

Karavàn nan te deside tante chans li Jedi apre yon manifestasyon kont jefò gouvènman Meksiken an ap fè pou anpeche yo kite direksyon sid peyi a, ki sitye lwen ak frontyè Etazini.

Migran yo te kouvri sèlman 16 kilomèt konsa nan fè nwè lè Gad Nasyonal ak ajan imigrasyon yo te vinn entèsepte yo a 5 hè di maten.

Migran sa yo soti Amerik Santral, Ayiti, Venezyela ak lòt peyi. Yo te mete yo nan kamyonèt sèvis imigrasyon Meksik la.