Etazini: Chèn Televizyon NBC Revoke Jounalis Matt Lauer pou Nuizans Seksyèl

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Jounalis prezantatè Matt Lauer pandan li tap prezante seremoni remiz pri ki rele Matrix Awards la, nan New York pou fi nan domèn kominikasyon, Sheraton Times Square nan New York. 24 avril 2017. (Foto:Charles Sykes/Invision/AP)

Chèn televizyon ameriken NBC revoke Matt Lauer 59 van, ki se prezantatè vedèt "Today Show"(emisyon nouvèl ak kilti), pou movèz kondwit seksyèl. Prezidan NBC a, Andrew Lack, fè konnen desizyon konpayi an pran pou l mete fen nan sèvis prezantatè vedèt la chita sou plent yon kòlèg pote kont li.

Selon Mesye Lack, se premye plent yon anplwaye pote kont Matt Lauer pou move konpòtman li depi li te kòmanse anime pwogram Today a an 1997. "Sepandan, nou gen rezon pou nou kwè se pa yon ensidan izole," Mesye Lack fini pou l di nan nòt la.

Depi kèk tan, anpil pèsonalite Ozetazini twove yo sou lis akizasyon kont nuizans seksyèl pami yo aktè byen koni Bill Cosby, sineyas Harvey Weinstein, ansyen Prezidan Bill Clinton lè li te nan Mezon Blanch la an 1990, e menm Prezidan ameriken akstyèl la Donald Trump.

Prezidan Trump ki tap reyaji sou kont Twitter li sou revokasyon Matt Lauer a, deklare; " Wow, Matt Lauer revoke pou move kontuit seksyèl nan travay. Men kilè yap revoke wo responzab NBC a pou fo nouvèl."

Poko ken reyasyon chèn televizyon NBC a sou deklarasyon Prezidan Trump la.