Mannken Ameriken Gigi Hadid, Yon Zanmi, Pa Kite Arestasyon pou Mariwana Gate Vakans yo nan Zile Kayiman

Foto Achiv: Gigi Hadid poze pou yon foto nan gran premye film 'Firebrand' la nan festival entenasyonal sinema Cannes, an Frans, 21 Me 2023.

Mannken Ameriken Gigi Hadid ak yon zanmi ap jwi vakans yo nan Zile Kayiman apre otorite lokal yo te arete yo pou posesyon marijuana.

Ajans Ladwann ak Kontwol Fwontyè zile a, ki se yon teritwa Britanik pibliye yon deklarasyon ki di ajan yo te jwenn yon ti kantite kanabi (mariwana) nan malèt Hadid la apre li te rive nan zile a abo yon avyon prive.

Otorite Ameriken yo di Hadid ak zanmi li plede koupab 12 Jiyè a akizasyon lajistis lanse kont li pou di li te enpote yon dwog kontwole ak yon aparèy pou fimen dwog la nan peyi a.

Mannken an ak zanmi li te oblije peye yon amann $1,200 e otorite yo pa anrejistre kondanasyon an.

"Tout bagay byen ki fini byen," Hadid deklare Madi nan yon mesaj li pibliye sou kont Instagram li, kote li montre yon foto limenm ak zanmi l nan plaj.