Antèman Kèk Viktim Dènye Manifestasyon yo Chante Vandredi 22 Fevriye 2019 la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Your browser doesn’t support HTML5

Vyolans apre seremoni entèman viktim manifestasyon anti-gouvènmantal semèn pase yo.

Se vandredi 22 fevriye 2019 la antèman kèk viktim dènye manifestasyon ki te dewoule ann Ayiti yo kòmanse chante. Pou jounen sa a, anpil moun asiste antèman Onyque Gédéus ak Peterson Noé, 2 jèn gason ki te pèdi lavi yo pandan yo t ap patisipe nan mouvman leve-kanpe yo. Seremoni an dewoule nan Legliz Sen Michèl, nan Pòtoprens.

Your browser doesn’t support HTML5

Antèman kèk viktim manifestasyon ki te dewoule resaman nan Pòtoprens.

Korespondan nou Matiado Vilmé fè n konnen aprè seremoni an, yon gwoup moun te pran youn nan sèkèy yo epi yo te kòmanse mache nan direksyon Palè Nasoynal. Lapolis te entèveni pou anpeche yo rive a destinasyon.