Manifestation Kont Prezidans Donald Trump la ap Ogmante Pandan Dat pou l Prete Sèman an ap Avanse

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Moun ki soti toupatou nan Etazini manifeste nan Washington, D.C., samdi 14 janvye 2017 la pou montre sipò yo pou dwa imigran, refijye ak kominote Mizilman yo, kèk jou sèlman avan inogirasyon Prezidan-eli Donald Trump nan Lamezon Blanch Vandredi 20 janvye kap vini an. (A. Barros/VOA)

“Nou pap kite Donald Trump antere Stati Libète a,” se pawol Senatè Chris Van Hollen, yon Demokrat nan Maryland te pwononse samdi pendan l te twouve l nan yon legliz Afriken-Ameriken ki anba lavil Washington.

Manifestasyon kont politik Donald Trump:

Van Hollen tap pale nan youn nan rasanbleman ak pwotestasyon ki tap dewoule toupatou Ozetazini samdi a, pandan dat pou enstalasyon Donald Trump kòm prezidan ap avanse.

Misye Trump ki se yon milyadè ak yon òm dafè te lakoz anpil mezantant nan epòk li tap mennen kampay li. Li te konn fè yon seri move kòmantè sou imigran kòmkwa li pwomèt pou l monte yon miray sou frontyè peyi Etazini ak Meksik, epi tou pou l diminye kantite Mizilman kap antre nan peyi a.

Nan Washington, yon pastè yo rele Al Sharpton te a la tèt yon mach ki pote non “Nou Pa Dwe Bouje”.

Reveran Al Sharpton ki se yon aktivis nan zafè dwa moun di, “Nou vin la pou nou di ak tout Demokrat nan chanm Sena a ak chanm Depite a, e ak tout Repibliken modere yo pou yo kenbe fèm, epitou pou yo mete yo brav.”

Reveran Al Sharpton mande politisyen yo pou yo kanpe an kwa devan Trump. Li di yo pou yo pa kite Misye Trump ak tout patnè Repibliken li yo mete sou pye yon politik ki pap bon di tou pou moun ki pòv yo ak moun ki nan klass mwoyèn lan.

Manifestasyon kont plan imigrasyon Donald Trump la:

Nan vil Los Angeles, pòt pawòl Kowalisyon pou Dwa Zimen Imigran, Jorge-Mario Cabrera, deklare “Nou di administrasyon Trump la nou pa pral chita de bwa kwaze pendan ke lap detwi kominote nou an.”

Apre seremoni envestiti Trump la vandredi 20 janvye 2017 la, plis pase 200,000 moun nan kat kwen peyi Etazini gentan ap fè preparasyon pou yo vin patisipe nan mach Medam yo ap fè nan samdi 21 janvye pou yo manifeste kont administrasyon Trump la.

Depi Donald Trump te sipran anpil moun lè l te ranpòte eleksyon mwa novanm 2016 la, manifestasyon kont administrasyon Donald Trump la ap ogmante de jou an jou toupatou nan peyi Etazini.