Manifestasyon Anti-Gouvènmantal nan Lasiri

Manifestasyon Anti-Gouvènmantal nan Lasiri

Lasiri pral viv yon lòt jounen manifestasyon anti-gouvènmantal vandredi 29 jiyè 2011 la nan moman militan yo akize fòs sekirite gouvènman an ke yo akize dèske yo ta touye plizyè manifestan.

Militan di fòs sekirite yo tire e touye omwen 2 sivil nan sware 28 jiyè a nan pwovens Deir el-Zour nan pati lès peyi a.

Siryen atravè tout peyi a ap manifeste depi kèk mwa pou reklame demisyon Prezidan Bashar al-Assad.