Manchin Gate Plan Biden nan Apre li Deklare Li Pap Apiye Pwojè Lwa $2 Trilya a

Foto Achiv: Senate Joe Manchin mache andedan Capitol la (syej kongre Etazini) nan Washington, 17 Dec. 2021.

Senatè Joe Manchin, yon demokrat ki reprezante eta Vijini de lwès nan Sena Etazini, bay Prezidan Joe Biden yon gwo kout ba. Senatè a deklare li paka apiye yon pwojè lwa Prezidan an apiye ki gen ladann yon seri inisyativ pou peyi a ki vo $2 Trilya dola. Desizyon sa a mete an danje ajenda pati Demokrat la menm. Kolèg misye vekse a mò e kounyea yap kouri pou gade kisa yo ka sove nan pwojè lwa sa a ki se yon gwo priyorite pou yo.

Pwochen etap la pa klè. Lidè majorite Sena a, Chuck Schumer, ki reprezante eta Nouyòk, deklare Lendi, Sena a pral vote sou pwojè lwa a nan kòmansman ane 2022 a. Kongrè a pran vakans pou fèt fen ane yo. Gen Demokrat ki deja komanse travay pou modifye pwojè lwa a pou eseye pran tèt Manchin pou'l apiye'l.

Senatè Manchin te deklare nan yon entèvyou li bay chèn televizyon Fox ke apre plizyè mwa negosyasyon "mwen paka vote an favè pwojè lwa sa a."