O Venezuela, Opozisyon an Deyò nan Pwochen Eleksyon Prezidansyèl la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kou Siprèm Peyi Venezuela a.

O Venezuela, Kou Siprèm nan deside mete kowalisyon opozisyon an deyò nan pwochen eleksyon prezidansyèl la, disizyon ki an pratik garati re-eleksyon Nicolàs Maduro, yon prezidan gochis ki preske fin pèdi tout popilarite li.
Enskripsyon pati ak kandida pou prezidansyèl la te sipoze kòmanse wikenn sa a. Sepandan byen jedi Kou Siprèm nan pran yon desizyon ki mande Konsèy Elektoral Nasyonal la ranvwaye ekskripsyon an pou 6 semenn. Pi gwo tribinal peyi a pa bay okenn rezon pou desizyon sa a.
Eleksyon an fikse pou fen mwa d avril la, sa ki anpeche opozisyon an mennen kanpay pou okenn kandida posib. O kòmansman eleksyon an te fikse pou desanm 2018.
Nan jounen madi 23 janvye 2018 la, tout manm Asanble Konstitiyant la te vote, yo tout san wete youn, pou yo apwouve nouvo kalandriye elektoal la nan moman Pati Sosyalis ki sou pouvwa a ap chache ranfòse kontwòl li sou peyi a, menm nan mitan yon gwo kriz ekonomik ap frape Venezuela.
Lèzetazini leve vwa li ak tout fòs pou l rejte òganizasyon eleksyon antisipe sa a.