Mache Crypto Lajan an Depase $3 Milya

An advertisement for Bitcoin and cryptocurrencies is seen in Hong Kong, Sept. 27, 2021.

Mache a crypto lajan an depase $3 milya pou premye fwa nan istwa li, dapre sit CoinGecko a, ki swiv mache sa a.

Ipek Ozkardeskaya, yon analis mache finansye a pou SwissQuote, te di AFP, mache crypto lajan an ap ogmante ak yon vitès ki etonan.

Depi fen mwa Oktòb la, mache Ameriken an te gen aksè a yon endèks pwodwi (ETF) ki gen sipò bitcoin. Sa pèmèt envestisè yo parye sou ogmantasyon valè lajan sa a san yo pa kite Wall Street (katye jeneral tout gwo biwo finans yo nan vil Nouyok).

Kontrèman ak euro a oswa dola a, kantite bitcoins yo te fikse nan $21 milyon, sa ki vin bay yon enterè tou piti.

Gen kèk envestisè ki kwè crypto lajan an se yon fason pou pwoteje kont enflasyon, ki ap monte nan Ewòp ak Amerik di Nò.