Yon Koudèy sou Divès Branch nan Oganizasyon Nasyon Zini nan Okazyon 73èm Asanble Jeneral la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Katye jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an (l'ONU) nan New York, Etazini d Amerik).

Oganizasyon Nasyonzini (l’ONU)genyen divès branch ou ògàn prensipal ki jwe plizyè wòl diferan. Men yon koutje rapid sou ògàn sa yo:

A.- Asanble Jeneral la kote nou jwenn sou-ògàn sa yo:

1.- Banch Sibzidyè:

- Komisyon sesyonèl prensipal ak lòt ankò);

- Komisyon sou dezameman;-

- Konsèy sou Dwamoun;

- Komisyon sou Dwa Entènasyonal;

- Komite pèmanan ak ajans enterimè.

2.- Fon ak Pwogram:

-PNUD : Pwogram Nasyonzini pou Devlopman Entènasyonal;

-FNUDK : Fon Nasyonzini pou Devlopman Kapital;

-UNV: Vonlontè Nasyonzini;

-PNUDV : Pwogram Nasyonzini pou Devlopman Anviwonnman;

-FNUP : FOn Nasyonzini pou Popilasyon;

-NU-ABITA : Pwogram Nasyonzini pou Ebèjman Imen;

-UNICEF : Fon Nasyonzini pou Timoun;

-WFP(UN/FOA : Pwogram Alimantè Mondyal

Ansanble Jeneral l'ONU an nan okazyon ouvèti sesyon anyel li nan mwa septanm 2017 (72èm sesyon). Donald Trump te sou podyòm nan pou l te prezante mesaj li kòm prezidan ameriken e kòm lidè peyi ki resevwa delegasyon mondyal yo.

3.- Rechèch ak Fòmasyon:

- UNIDIR: Enstiti Nasyonzini pou Rechèch sou Dezameman;

-INITAR: Enstiti Nasyonzini pou Fòmasyon ak Rechèch;

-UNSSC: Kolèj pou Pèsonèl Sistèm l’ONU an.

4.- Lòt Antite:

- ITC (UN/WTO) : Sant Komès Entènasyonal;

- UNCTAD: Konferans Nasyonzini sou Komès ak Devlopman;

-UNHCR : Biwo Wo-Komisarya l’ONU pou Refijye;

-UNOPS : Biwo Nasyonzini pou Sèvis sou Pwojè;

-UNRWA : Ajans Sekou ak Travay Nasyonzini pou Refijye Palestinyen nan Mwayen Oryan an;

-UN-WOMEN : Antite Nasyonzini pou Egalite ant Gason ak Fanm e pou Kore Fòs Medanm yo.

(Aswiv)