Lendi 27 mas 2017 la, yon tribinal nan Larisi bay lidè opozisyon e blògè, Alexei Navalny, yon santans 15 jou prizon deske li tap reziste pou lapolis pat arete l pandan yon manifestasyon. Anplis desa, Mesye Navalny gen pou l peye yon amand 20 mil woub, ki se anviwon 350 dola, poutèt li te òganize sa otorite ris yo konsidere kòm yon gwo kokenn manifestasyon nan vil Moskou.
Mesye Navalny rejte lide kòmkwa manifestasyon dimanch 26 mas 2017 la te ilegal. Manifestasyon sa a reprezante pi gwo pwotestasyon gouvènman ris la pat apwouve depi plizyè lane.
Dapre ajans nouvèl leta ris la, TASS, lidè opozisyon Alexei Navalny deklare nan tribinal la pou l di:
"Sizoka la jistis ta rejte demand pou nou manifeste a oubyen si otorite yo pa ta pwopoze nou 3 lòt zòn yon jou anvan manifestasyon an, nou gen dwa pou n itilize zòn nou te chwazi anvan an. Nou te respekte egzijans legal yo a 100 pousan."
Bò kote pa l, ajans nouvèl Interfax, rapòte pòtpawòl Kremlen an, Dimitry Peskov, di Moskou te ofri òganizatè manifestasyon yo 2 lòt altènativ, e yo te rejte òf sa yo.