Afrik (Liberya): Ankét sou Swadizan Krim Satanik

L'hôpital Phebe, dans la ville de Bong, dans le centre du Libéria, le 27 mai 2019.

Otorite nan Liberya dwe fè limye sou yon seri zak asasinay ki ta swasizan makonen ak seremoni dyabolik e ki fet nan peyi a ane sa, dapre yon ekspè nan Nasyon-Zini. Sepandan gouvénman Liberya Demanti deklarasyon sa.

Rimé Asasinay zak dyabolik sa yo tap sikile sou rezo sosyo yo ane sa nan peyi Afrik de Lwès la komkwa yo ta dekouvri plizyè kadav moun rache an miyet Moso. Petet, sa ta gen pou we ak Pratik Satanik.

Rapotè Nasyon-Zini pou egzekisyon ekstrajidisyè, Morris Tidball-Binz te lanse yon apel bay gouvenman liberyen an pou ouvè yon ankèt sou akizasyon sa yo.

Yon ekspè endepandan, estime ke omwen 10 moun te mouri ane sa nan peyi afriken an, nan sikonstans ki pa klé, e gen kek nan desé sa yo ta swadizan gen arevwa ak pratik rityèl sa yo.

Pandan menm peryòd sa yo, otorite liberyen te arete yon manm yon Pati opozisyon an komkwa se li kap simaye rimè desè satanik sa yo sou rezo sosyo yo.