Lavwadlamerik Ap Selebre 75èm Anivèsè Fondasyon Li

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

VOA 75

Premye Fevriye 1942 - Premye Fevriye 2017: Lavwad-Lamerik ap make 75 zan depi li te prezante premye pwogram li.

Lavwadamerik te difize premye pwogram li nan direksyon Lalmay apati yon ti stidyo ki te nan vil New York nan dat premye fevriye 1942. Premye chante radyo a te difize se te youn ki rele Battle Hymn of the Republic --ou Hymne Batay Republik la. Oditè ki tap koute jou sa a te ka tande spikè radyo a, William Harlan, ki tap di :

“Nou pote pou ou yon vwa ki sòti Ozetazini. A pati de jodi a e dezòmè chak jou, nou pral pote ba ou nouvèl konsènan Lèzetazini ak lagè a. Nouvèl yo kapab bon; Nouvèl yo kapab pa bon; men nou va toujou di w laverite."

Katye Jeneral Lavwadlamerik, Washington, DC.

Se konsa premye emisyon Lavwadlamerik la te pase sa gen 75 zan. Jounen jodi a katye jeneral Lavwadlamerik la, ki te nan New York, twouve l nan Washington. Vè fen 2èm Gè Mondyal la, Lavwalamerik te deja ap prezante pwogram nan 40 lang; pwogram sa yo te gen ladan yo mizik, nouvèl ak enfòmasyon, epi kòmantè.

Sòti ane 1942 rive jodi a, radyo a tounen yon sèvis milti-medya entènasyonal avèk pwogram nan 47 lang pou radyo, televizyon, medya sosyal ak mobil, pou n sita sa yo sèlman.

Pami 47 lang sa yo, genyen Kreyòl Ayisyen an ki sou lèzond Lavwadlamerik regilyèman depi 7 Fevriye 1986, dat kote Sèvis Kreyòl la te kreye apre depa Prezidan Jean-Claude Duvalier sou pouvwa a ann Ayiti. Sa vle di 7 fevriye 2017 la Sèvis Kreyòl la pral selebre 31èm anivèsè fondasyon li. Nap pwofite di tout oditè, tout oditris: Mèsi anpil pou fidelite nou!