Lapolis Arete Yon Neg Ak Zam Tou Pre Capitòl la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Foto Achiv: Yon aparey siveyans videyo vizib sou bo Es Capitol la nan Washington, kote responsab sekirite yo ap fe preparasyon pou manifestasyon 18 Septanm nan.

Lapolis arete yon neg eta Kalifoni bone Lendi tou pre katye jeneral Komite Nasyonal Pati Demokrat la nan Washington. Misye t'ap sikile ak plizye kouto, yon bayonet ak yon manchet ke yo jwenn nan kof machinn ni.

Polisye ki tap fe patwouy ve minui Dimanch di yo remake kamyon an ak yon swastika (senbòl Nazi yo) ak lot senbol rasis blan yo sou li. Olye yon plak, lapolis di kamyon an te gen pito foto yon drapo Ameriken.

Li ilegal pou transpote ni yon bayonet, ni yon manchet nan Washington. Neg yo arete a, Donald Craighead, gen 44 an e li se moun vil Oceanside nan eta Kalifoni. Misye di lapolis li tap "fe patwouy". La justis akize Craighead de posesyon zam ilegal.

Lapolis di y'ap mennen anket sou misye toujou.

Foto Achiv: Capitol la, ki se syej palman Ameriken an antoure ak yon klotu.


Sekirite ozalantou Capitol la (syej palman Ameriken an) rete wo. Bilding nan sitye tou pre katye jeneral pati Demokrat la. N'ap raple ke 6 Janvye ane sa a, plizye santen patizan ansyen Prezidan Donald Trump te pran Capitol la d'aso. Atak la fet pandan palmante yo te setifye ke Trump pedi eleksyon an devan Demokrat Joe Biden. Biden monte prezidan 20 Janvye.

Moun ki apiye plis pase 600 manifestan otorite yo arete sa gen 8 mwa desa ap planifye yon manifestasyon ki pote tit "Justice for J6" (Jistis pou 6 Janvye) nan Washington Samdi k'ap vini an. Gen apepre 50 moun ki plede koupab a dives chef d'akizasyon pandan gen lot ka ki poko pase devan yon jij.

Lapolis Capitol la pibliye yon deklarasyon Lendi pou di yo o kouran "pale k'ap fet sou entenet" konsenan manifestasyon Samdi a.

"Mwen ankouraje tout moun ki anvizaje fe dezod pou yo rete lakay yo. Nou pral aplike lwa peyi a, nou pap tolere zak vyolans," chef fos polis la, Tom Manger deklare.

Lapolis apwouve yon plan Lendi pou re-enstale pwovizwaman, yon klotu ozalantou bilding Capitol la anvan manifestasyon Samdi a.