Lamezonblanch Dezavwe Apèl Graham Lanse pou Asasinen Putin

Senate Lindsey Graham, yon Repibliken eta Kawolin di Sid ak Senate Joe Manchin, Demokrat eta Vijini de Lwes pran pa pawol nan Kongre a, 3 Mas 2022.

Senatè Republiken eta Kawolin di Sid la, Lindsey Graham ap fè fas ak kritik piman bouk ki soti tout kote - pami yo Lamezonblanch ak Kongrè a tou pou yon apèl li lanse pou pèp Ris la asasinen Prezidan Vladimir Putin.

Pot pawol Lamezonblanch la Jen Psaki deklare "se pa pozisyon gouvènman Ameriken an."

Graham, yon ansyen avoka Aviyasyon Etazini ak yon defansè pwogram defans peyi a mete yon mesaj sou Twitter Jedi swa kote li di "sèl pèp ki ka ranje sa" se pèp Ris la. Graham mete yon lot tweet kote li di "sèl fason pou nou mete fen nan sa se pou yon moun nan La Risi elimine nèg sa a."