Atak sou Anbasad ak Yon Sant Kiltirèl Lafrans nan Ouagadougou, Boukinafaso

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Lafimen ki t ap leve sou tèt anbassad Lafrans la nan Boukinafaso nan jounen vandredi 2 mas 2018. (Foto: Issa Napon / VOA Afrik).

Gouvènman peyi Boukinafaso ak Lafrans fè konnen yon gwoup ame te kowòdone, jvandredi 2 mas la, yon seri de atak sou anbasad fanrsèz la, yon sant kiltirèl fransè ak katye-jeneral lame peyi a nan kapital, Ouagadougou.

Daprè yon asistan minis afè etranje fansè a, Jean-Yves Le Drian, sitiyasyon an anba kontwòl nan anbasad la ak sant kiltirèl la apre lanmò 4 nan nèg ki te lanse atak yo. Sepandan moun te ka tande bri kout zam-a-fe pandan jounen an nan katye-jeneral lame a ki nan pati lwès kapital la, kote gouvènman an di 2 lòt atakan pèdi lavi yo.