Lachin Ofri Asistans Imanitè Bay Nouvèl Zeland

Yon ki kraze aprè tranblemanntè a nan Nouvèl Zeland

Medya leta chinwa fè konnen Peken ofri asistans imanitè pou ede Nouvèl Zeland fè fas ak tranblemanntè ki te frape semèn ki sot pase la a rejyon Christchurch .

Responsab yo nan ajans Chinn Nouvèl deklare lendi 28 fevriye 2011 la gouvènman an dekese 500 mil dola pou Nouvèl Zeland.

Anons sa a soti sou sit entènèt ministè Komès chinwa a .