2 Manm Konsèy Sekirite l'ONU an mande yon soulajman pou Kore di Nò

Rankont manm Konsèy Sekirite l'ONU an sou Kore di Nò, jedi 27 septanm 2018 la, nan katye jeneral òganizasyon mondyal la nan New York.

Larisi avek Lachin lanse apèl bay Konsèy Sekirite Oganizasyon Nasyonzini an pou mande yon soulajman nan sanksyon k ap peze sou do Kore di Nò yo kèm yon sèt de ankourajman pou l kontinye ak plan denikleyarizasoyn an. Apèl sa sanble anonse yon consensus entènasyonal sou sitiyasyon an nan peyi azyatik la.

Obsèvatè ki baze yo sou apèl Moskou ak Peken an fè konnen se yon siyn ki montre genyen yon chòk ant pozisyon 2 kapital sa yo ak pozisyon Washington sou dosye nò-koreyen an. Daprè Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, Lèzetazini ap itilize yon presyon maksimòm ki deja bay bon jan randman nan domèn diplomatik la; se konsa, pa egzanp, gen gwo posiblite pou yon lòt somè dewoule ant Prezidan Donald Trump ak lidè nò-koreyen an, Kim Jong Un.

Premye plan: Sekretè Deta Mike Pompeo ki t ap pale nan Konsèy Sekirite Nasyonzini an, jedi 27 septanm 2018.

Chèf diplomasi amerikèn nan, ki t ap patisipe nan yon rankont nan Konsèy Sekirite l’ONU an avèk plizyè kòlèg --tankou minis afè etranjè Lachin, Kore di Sid, Larisi ak Japon- fè konnen pwogrè ki fèt depi dewoulman Asanble Jeneral Nasyonzini an 2017 la, kapab debouche finalman sou yon epòk tou nèf pou Kore di Nò. Misye Pompeo deklare:

wen ta vle repete yon fwa ankò: lavni kapab byen briyan pou Kore di Nò si li kenbe pwomès li epi finalman fè yon denikleyarizasyon total e verifyab. Sa pral debouche sou yon transfòmasyon pozitif rapò amerikano-nò-koreyen yo, menm jan sa ka debouche sou bon jan pwosperite nan Kore di Nò e sou yon lapè dirab. >>

MInis Afè Etranjè chinwa a, Wang Yi, ki t ap pran lapawòl nan Konsèy Sekirite l'ONU an jedi 27 septanm 2018.

Sepandan, menm lè Lachin ak Larisi ap fè presyon pou kominote entènasyonal la (e manm Konsey Sekurite yo an premye) adopte yon lòt apwòch vizavi Kore di Nò, gen diplomat (tankou minis afè etranje Japon an, Fumio Ki-Shi-Da, ak chèf diplomasi Kore di Sid la, Madam Kang Kyung-Wha) ki apiye pozisyon Lèzetazini an. Madam Kang fikse poziyon gouvènman sid-koreyen an nan deklarasyon sa a:

"Pou sa ki konsènen Kore di Sud, nou pran angajman pou nou kotinye travay avèk kominote entènasyonal la pou nou garanti aplikasyon total sanksyon Konsèy Sekirite a te pran yo, menm lè n ap pran kontak ak Kore di Nò pou n fasilite pwogrè sou wout denikleyarizasyon total-kapital la."

Chèf diplomasi sid-koreyèn nan kontinye ak yon vwa chaje optimism pou l ajoute ane pase, lè konsa, pandan dewoulman Asanble Jeneral l’ONU 2017 la, li pa t ap janm kwè ta gen negosyasyon ant 2 Kore yo, ni ta gen yon rankont-o-somè ant Prezidan Donald Trump avèk Kim Jong Un."