Fòmalite pou Jijman Prezidan Trump Kòmanse nan Sena a

Senatè Chuck Grassley (R-IA), prezidan okazyonèl Sena a, ap fè Prezidan Kou Siprèm nan, John Roberts, prete sèman anvan Mvt Roberts prezide jijman Prezidan Donald Trump la. (Foto: Kongrè ameriken, Washington, 16 janvye 2020.- U.S. Senate TV/Handout via Reuters).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, te vyole lwa sou depans federal yo ane pase a (2019) lè li te bloke pwovizwaman 391 milyon dola èd militè Kongrè a te apwouve pou peyi Ikrèn pandan ke, an menm tan, li t ap fè presyon pou gouvènman an nan Kyèv mennen yon ankèt nan avantaj politik li. Se konklizyon yon òganizasyon kap veye sou transparans nan gouvènman an Ozetazini tire nan moman yon jijman k ap fèt kont Prezidan an nan Kongrè a sòti nan Chanm Depite a pou li pase nan Sena a.

Finalman Prezidan Trump te dekese lajan an pou gouvènman ikrenyen an ki te bezwen kòb la anpil pou l lite kont separatis pwo-Larisi ki t ap batay ak gouvènman an nan pati lès Ikrèn. Lidè ameriken an te pran desizyon an nan mwa septanm 2019 aprè yon reta 55 jou san ke Prezidan Ikrenyen an, Volodymyr Zelenskiy, pa t ouvè ankèt Misye Trump te mande a sou ansyen Vis Prezidan ameriken Joe Biden, youn nan pi gwo rival lidè ameriken an nan eleksyon prezidansyèl 2020 an, ni sou yon pititgason Misye Biden, Hunter Biden, ki te jwenn yon travay byen peye nan yon konpayi gaz natirèl nan Ikrèn.

Sèjan-Dam La Chanm nan, Paul Irving, ak Grefye Lachanm nan, Cheryl Johnson, pandan yo t ap remèt dosye akizasyon kont Prezidan Donald Trump la nan men Sekretè Sena a, Julie Adams, nan Kongrè a nan Washington, mèkredi 15 janvye 2020.


Nan yon seremoni ki dewoule nan jounen mèkredi 15 janvye 2020 an, Prezidan Chanm dè Reprezantan an, Nancy Pelosi (D-Kal), te siyen dokiman ki rezime 2 akizasyon k ap peze sou do Prezidan Trump yo epi li transfere dosye a nan Sena a avèk yon reta ki te dire anviwon yon mwa kote lidè demokrat yo nan Lachanm nan te tonbe nan yon chire-pit avèk lidè repibliken yo nan Sena a pou fòse yo aksepte pwopozisyon pou temwen fè depozisyon nan jijman ki pral fèt nan Gran Kò a. Mitch McConnell, lidè majorite a nan Sena a, ki pran kontak avèk avoka k ap defann Prezidan Trump yo, rejte tout presyon ki fèt pou l kite temwen vin pale nan jijman an paske, daprè li, yon desizyon sou kesyon sa a kapab vini pi ta nan pwosè a. Pandan Madam Pelosi t ap bay yon konferans pou laprès kote li anonse chwa depite ki pral sèvi kòm « manager » nan jijman an, Prezidan Trump pibliye sou kont Tweeter li yon nòt kote li deklare « jijman sa a se yon lòt magouy Demokrat aryen-a-fè sa yo mete sou pye. »

Dapre yon otorite wo-plase nan La Mezon Blanch ki pale ak laprès, administrasyon Trump la pare pou jijman an, « paske fè reyèl yo, evidans yo montre yon fason klè kou dlo kokoye ke Prezidan an pa t fè anyen kip a sa. » Pòtpawòl La Mezon Blanch la, Stephanie Grisham, fè konnen Prezidan Trump « ap tann pou Sena a kite l egzèse dwa lalwa ba li e ke Prezidan Lachanm nan, Madam Pelosi, ak lidè Demokrat yo nan Chanm Bas la te wete nan men l; se konsa tou prezidan an gen gwo espwa ke Sena a pral jwenn li pa koupab. »

Sèjan-Dam Sena ameriken an, Michael Stenger, akonpaye "managers" ki pral sipèvize jijman kont Prezidan Trump la. Pami yo genyen Depite Adam Schiff (D-CA) ki se prezidan ekip la, avèk Prezidan Komisyon Afè Jiridik la, Jerrold Nadler (D-NY).

Nan 244 ane istwa Lèzetazini, se 3èm fwa Kongrè a ap jije yon prezidan ameriken ak posiblite pou l pèdi pouvwa a. An 1868 Chanm Bas la te jije Prezidan Andrew Johnson pou abi pouvwa. 138 zan apre, an 1998, sete tou pa Prezidan Bill Clinton pou l te sibi yon jijman nan Chanm Depite a pou konduit ki pa kadre ak prezidans la e pou manti sou sèman; men nan 2 premye ka sa yo Sena a te vote pou li akite tou lè 2 prezidan yo. Yon 4èm prezidan, Richard Nixon, te bay demisyon li nan lane 1974 nan moman li te si e sèten Kongrè a ta pral jije l pou enplikasyon pèsonèl li nan yon eskandal ki pase nan listwa sou non « Afè Watergate la ».