Azi

La Chin Enpoze Sanksyon Kont Plizyè Responsab Ameriken

Foto Achiv: Nury Turkel, yon lide nan kominote Uighur-Ameriken an nan biwo li nan Washington, 9 Oct. 2008.

La Chin anonse lap pran sanksyon kont 4 manm Komisyon Entènasyonal gouvènman Ameriken an kap travay sou sou Libète Relije pou reponn kif kif penalite Ameriken te enpoze kont responsab Chinwa yo pou abi nan rejyon nòdwes peyi a ki rele Xingjiang nan.

Sanksyon kif kif sa yo vinn ogmante tansyon ant 2 peyi yo sou koze Xinjiang lan.

Aktivis yo ap mande pou peyi boykote Jezolenpik Ivè Peken yo, ki pral dewoule nan mwad Fevriye a. La Chin demanti akizasyon kòm kwa li ta komèt abi nan rejyon sa a.

Yon pòt pawòl Ministè Zafè Etranje Chinwa a deklare direktris komite a ak 3 lòt manm entèdi vizite ni La Chin, ni Hong Kong, ni Macau epi nempòt byen yo genyen nan peyi a pral bloke.