Kowonaviris la Gen Konsekans Ankò sou Fèt Nwèl la nan Bethlehem

Djaz Palestinyen mache nan yon parad sou plas ki devan Legliz Nativite a, kote yo kwe Jezikri te pran nesans, anvan selebrasyon Nwel yo nan Bethlehem, Riv Oksidantal, Vandredi 24 Dec. 2021.

Mizisyen ki tap bat tanbou epi jwe enstriman te defile nan vil biblik Bethlehem jodia, yon bagay ki te bay ti foul moun ki te sou plas anpil kè kontan.

Te gen yon melanj konvivyalite ak restren Vandredi nan selebrasyon ki dewoule toupatou nan mond lan lavèy fèt Nwèl la akoz kowonaviris la.

Restriksyon vwayaj Israel enpoze yo te lakoz touris entènasyonal yo patka al selebre fèt la ane sa a. Se dezyèm ane sa fèt.

Règleman sa yo gen kòm bi pou anpeche varyan omicron an ke moun ka trape fasil gaye sou teritwa a.

Otorite yo ap konte pito sou ti kominote Kretyèn Tè Sent la pou bay moun kè kontan.

Se yon tèm nou konstate toupatou nan mond lan kote popilasyon an bouke ak restriksyon prekosyon kowonaviris yo, kidonk yap chache mwayen pou yo reprann tradisyon ke yo patka jwi ane pase a.