Entèvyou Vis Prezidan Ameriken an, Mike Pence, sou Sitiyasyon an nan Iran ak Pwoblèm Kore di Nò a

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Your browser doesn’t support HTML5

Entèvyou Lavwadlamerik ak Vis Prezidan Mike Pence

Vis Prezidan Ameriken an, Mike Pence bay kontribitè Lavwadlamerik Grete Van Susteren, nan jounen mèkredi 3 janvye 2018 la, yon entèvyou nan La Mezon Blanch kote Misye Pence pale de politik Lèzetazini vizavi Iran, manifestasyon k ap dewoule nan Iran, epi akò entènasyonal sou pwogam nikleyè iranyen an. Yon lòt tèm entèvyou a se pwogram nikleyè Kore di Nò a.

Aprè echanj salitasyon dizaj yo, Gretta Van Susteren pat pèdi tan pou l poze Vis Prezidan Mike Pence premye kesyon an.

K. (GVS): “Gen anpil bagay k ap pase nan peyi Iran jounen jodi a. Daprè sa m konprann, se yon sitiyasyon ki trè difisil, ki trè frajil laba a. Kisa Lèzetazini pral fè -si l pral fè yon bagay? Mwen okouran genyen yon tweet ki sòti avèk deklarasyon vèbal pou apiye li; men èske pral gen aksyon? ”

Vis Prezidan Mike Pence (adwat) nan yon entèvyou ak jounalis kontribitè Lavwadlamerik Greta Van Susteren nan biwo M. Pence nan La Mezon Blanch, Washington DC, 3 janvye 2018. (Sous: Twitter - @VP).

R. (VP Pence): “Ebyen, li enpòtan pou yon moun sonje dabò e sitou ke Iran se prensipal peyi ki patwone zak teworis nan lemond. Non sèlman otorite yo oprime pwòp pèp yo a, yo refize kite kon-sitwayenn yo egzèse dwamoun yo, men tou y ap ekspòte teworism atravè rejyon an e yo kontinye reprezante yon gwo kokenn fòs destabilizatè danjere. Alòs konsa, lè w wè pèp la leve kanpe pou l mande chanjman nan peyi li, se yon bagay ki ta dwe ankouraje tout sitwayen ameriken ki renmen libète ak tout moun atravè lemond ki cheri libète. E mwen dwe di ou tou diferans ki egziste jodi a ant silans enkwayab yon prezidan ameriken an 2009 pandan Revolisyon Vèt la nan Iran epi yon politik klè ..."

Gretta Van Sesturen, ki sispèk Misye Pence t ap pale de ansyen prezidan Barack Obama, di:

K. (GVS): “Li (B. Obama) te rete tann 2 zou 3 jou,,, epi li te leve vwa li kont sa k t ap pase a…”

R. (V. P. Pence): “Ebyen, afimasyon ak apui klè Prezidan Trump pote bay manifestan ki leve kanpe nan vil yo atravè tout Iran, se yon bagay ekstwòdinè; e mwen panse sa koresponn ak wòl Lèzetazini dwe jwe nan lemond kòm youn nan pi gwo defansè libète.

K. (GVS): Men, an fèt de sipò, genyen sipò nan bouch epi genyen, san di pètèt, 2 zou 3 jou reta Prezidan Obama te pran an 2009... (Se pa menm bagay?)

R. (V. P. Pence) : “ Se pat kèk jou reta sèlman, paske mwen te la; mwen te yon manm Chanm Bas Kongrè a. Kòm ou ka sonje, mwen te yon manm Kimisyon Afè Etranjè Chanm dè Reprezantan an e m sonje, an 2009, lè m te wè yon mouvman ki te gen jenn sitou ladan n aprè eleksyon magouy ki te fèt nan Iran an --moun ki t ap pran lari, pèp iranyen an ki t ap manifeste yon kouraj enkwayab pou l reklame yon avni demokratik e lib. E lè w te gade La Mezon Blanch nan epòk sa a an 2009, ou te chache leadership Lèzetazini, ou pa t jwenn li. Te gen yon silans enkwayab sou administrasyon Obama a. Alòs, kòm yon manm Chanm Depite a, mwen te ko-patwone yon rezolisyon ak yon kòlèg demokrat ki te rele Howard Berman e ki nan epòk la te prezidan Komisyon Afè Etranjè a. Nou te entwodui rezolisyon an e tout manm lachanm nan san wete youn te vote pou apwouve li. Ansuit, Senatè McCain ak Senatè Lieberman te entwodui li nan Gran Kò a e tout senatè yo san wete youn te vote an favè li. Se lè sa a -e lè sa a sèlman- Prezidan Obama te fè tande vwa li. ”

Lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, nan diskou li fè premye Janvye 2018 la kote li di li genyen sou biwo li "yon bouton" pou kontwole zam nikleyè peyi li.

K (GVS). “Pou sa ki konsènen Kore di Nò, èske Prezidan Trump, ki di, sou kontTwitter li, li genyen anba men li, nan biwo li, yon pi gwo bouton pase lidè Nò-koreyen an, Kim Jong UN, pou l peze. Eske prezidan an ap jwe ak dife lè l ap twoke tweet konsa ak misye nan yon lagè tweet ki prale e k ap vini? ”


R. (V.P. Pence) : “Prezidan Trump egzèse yon tip leadership ki klè sou sèn mondyal la; yon leadeship ki fè yon pwogrè mezirab, tou espesyalman pou sa ki gen rapò ak Kore di Nò. E mesaj Prezidan an voye aprè mesaj Kim Jong Un te pibliye a -mesaj kote yon bò misye di li vle yon rapochman avèk vwazen li yo nan Kore di Sid; epi, yon lòt bò, li pale de misil li posede e ki kapab frape Lèzetaini.... li geneyn yon bouton nikleyè sou biwo li… Ebeyn, Prezidan Trump pale klè pou l di Lèzetazini pa p kite pèsonn kraponnen li; Lèzetazini pa p kite pèsonn menase li; e, kom sa deja parèt klè, Lèzetazini d Amerik deja ap egzèse yon presyon ekonomik e diplamatik san presedan sou Kore di Nò. Dayè, aprè plizyè dizèn dane Kore di Nò pase ap trennen pye l pou l pa respekte rezolisyon l ONU yo; aprè plizyè dizèn dane kote li pa pran desizyon kominote entènasyonal la an konsiderasyon --olye de sa li kontinye ap devlope misil nikleyè e ak misil balistik- jounen jodi a nou kòmanse konstate yon mouvman pami divès peyi nan rejyon an, Lachin...”

K. (KVS): “Eske pozisyon Lachin se yon preokipasyon pou ou?”

R. (V.P. Pence): “ Lachin ap fè plis efò ke jamè oparavan; men Lachin ta dwe fè plis efò toujou. Sepandan chinwa yo ap fè plis efò ke jamè oparavan pou yo izole Kore di Nò ekonomikman e diplomatikman; e franchman mwen kwè, si nou montre klèman tout opsyon yo sou tab la, tankou Prezidan an montre klèman Lèzetazini d Amerik genyen kapasite pou nou defann pèp nou an pi byen lontan pase tout sa Kore di Nò kapab imajine, men tou pou nou montre klèman, si Kore di Nò abandone anbisyon pou l posede misil nikleyè ak balistik, si yo elimine pwogram sa yo, gen yon posiblite pou nou jwenn yon solisyon pasifik. ”