Kore di Nò Fè Konnen Li Lanse yon Misil Entè-Kontinantal

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Dènye Misil balistik Hwasong-14 ke Kore di Nò te lanse a. Ajans nouvèl Santral Kore di Nò (KCNA) nan Pyongyang te pibliye foto sa a. 4 jiyè 2017. KCNA/via REUTERS.

Pyongyang di se “yon pa ann avan enpòtan” nan efò l ap fè pou l devlope zam nikleyè, malgre kondansyon kominote entènasyonal la.

Kore di Nò anonse li fè yon tès misil entè-kontinantal ki reyisi e, dapre otorite yo nan Pyongyang, sa reprezante yon pa ann avan ekstrèmman enpòtan nan kad efò peyi kominis la ap fè pou l devlope zam nikleyè, malgre avètisman kominote entènasyonal la kontinye lanse pou l mande gouvènman nò-koreyen an pa fè tip de lansman sa yo.

Pyongang lanse misil entè-kontinantal la apati de yon ayewopò ki tou pre fwontyè peyi a ak Lachin, pi presizeman bò pati nòdès Lachin e li pase nan espas ki sou yon sant ekonomik peyi Japon. Aksyon sa a, ki pwovoke gwo sezisman nan klas politik la nan Tokyo, konfime an mèm tan enkapasite Lachin pou l mete kontwòl sou rejim Prezidan Kim Jung Un ap dirije nan Kore di Nò.

Pandanstan, nò-koreyen yo fè konprann yo posede misil ki ka frape nenpòt ki kote sou planet la. Deklarasyon sa a vin mete plis presyon toujou sou Peken pou l enpoze sanksyon ki pi sevè sou peyi vwazen an.