Komite ransèyman Sena ameriken an asiyen pi gran pitit gason Prezidan Trump la pou l vin reponn kesyon sou depozisyon li te fè nan lane 2017 devan komite a, nan kad ankèt sou enjerans Larisi nan eleksyon 2016 la.
Komite a renouvle enterè nan pale ak Donald Trump Junior aprè ansyen avoka prezidanan, Michael Cohen di yon komite chanm nan -- nan mwa fevriye pase a li te bay Trump Jr. enfomasyon 10 fwa sou yon pwojè pou bati yon "Trump Tower" nan Moskou, peyi Larisi.